Misyon MIRA Coalition
Youn nan chak sis rezidan Massachusetts, ak youn nan chak senk travayè, se moun ki fèt nan lòt peyi. Imigran ak refijye vin nan peyi sa a ak yon gran varyete kapasite ak anbisyon, epi pandan y ap fè Amerik lakay yo, yo anrichi tisi sosyal nou an epi yo ranfòse demokrasi nou an.
Vizyon nou se yon Commonwealth – ak yon nasyon – kote tout moun ka pwospere, kèlkeswa kote yo soti oswa kijan yo rive isit la, e kote tout moun ka patisipe nèt nan lavi sosyal, ekonomik, ak sivik kominote yo.
Misyon MIRA Coalition se pou reyini, sèvi, ak òganize ansanm ak manm nou yo, lidè kominotè yo, ak alye nou yo pou avansman tout imigran atravè Commonwealth la ak pi lwen ankò. MIRA Coalition mete vwa imigran ak refijye yo devan pou defann byennèt kominote nou yo.
Valè:
Santre sou imigran ak refijye: MIRA Coalition asire vwa imigran ak refijye yo rete devan epi moun pwoblèm sa yo afekte plis yo gide travay li. Travay nou an posib sèlman gras ak kolaborasyon ak kontribisyon manm koalisyon an ak kominote a.
Enklizyon: Mete ekite ak enklizyon pou tout moun nan sant travay nou vle di nou pran angajman pou nou konbat rasis epi respekte tout moun kèlkeswa ras, sèks, background sosyoekonomik, oryantasyon seksyèl, nasyonalite, relijyon, oswa estati imigrasyon. MIRA Coalition kwè ke eritaj kiltirèl divès, lang, tradisyon, ak orijin anplwaye, manm konsèy administrasyon, manm, ak kominote nou yo fè nou pi fò.
Kolaborasyon: Pouvwa MIRA Coalition soti nan gran kantite manm nou yo. Nou fè patenarya ak òganizasyon, moun k ap fè politik, sipòtè, ak lòt akteurs enpòtan pou avanse misyon nou.
Ranfòsman Kapasite: MIRA Coalition sipòte kominote imigran ak refijye nou yo ak resous ak fòmasyon pou nou ka kreye chanjman.
Nou anvi wè nouvo misyon, vizyon, ak valè nou yo reyalize an patenarya avèk nou tout.
Ekip MIRA