Li enfòmasyon sa yo an Anglè

Denye mizajou 28 jen 2024

Estati Protèj tanporè (TPS) pou Ayiti

Ki sa TPS pou Ayiti ye? 

TPS se yon stati imigrasyon tanporè ki bay kèk Ayisyen yon pwoteksyon pou yo pa depòte yo epi ki pèmèt yo jwenn yon pèmi travay. Se pou yon maksimòm 18 mwa alafwa sèlman ou ka jwenn TPS.

Estati Pwoteje Tanporè (TPS) pou Ayiti te pwolonje ak re-deziyen apati 4 out 2024 rive 3 fevriye 2026.

Gouvènman Etazini te fè yon nouvo anons ki pwolonje ak re-deziyen TPS pou Ayisyen pou 18 mwa apati 4 out 2024 rive 3 fevriye 2026.

Kouman pou mwen reaplike? Si w gen yon aplikasyon TPS ayisyen ki annatant oswa I-765 ki gen rapò ak TPS apati 1ye jiyè 2024:

Ou pa bezwen re-aplike; otomatikman ou ap konsidere pou nouvo deziyasyon. Si yo apwouve w, yo ap ba w TPS ak EAD jiska fevriye 2026.

Si ou genyen kounye a Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ak yon Dokiman Otorizasyon Travay (EAD), ou dwe re-enskri ant 1ye Jiyè 2024 jiska 30 Out 2024 pou asire ou kenbe TPS ou ak otorizasyon travay ou.

Sèlman bay yon avoka oswa yon ajans sèvis legal lajan pou renouvle TPS ou!

Ki pri pou aplike?

Pri pou aplike epi soumèt fòm TPS lan enkli:
● Yon frè $30 pou yon tès anprent dijital byometrik.
● Pou soumèt Fòm I-821, li koute $0 pou renouvle, ak $50 si sa a se premye aplikasyon w lan.
● Pou soumèt Fòm I-765, li koute $470 si ou ranpli sou Entènèt, oswa $520 si ou voye fòm
papye.

Èske mwen kalifye pou aplike gratis?

Ou ka kalifye pou yon egzansyon frè si oumenm, mari oswa madanm ou, oswa timoun yo ap viv nan
yon abri oswa k ap resevwa yon benefis piblik tankou Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè
(SNAP), Èd Tranzisyon pou Fanmi ak Timoun Depandan (TAFDC), oswa kouvèti MassHealth. Si yo
apwouve, USCIS ap anile tout frè ki asosye ak aplikasyon w lan.
Pou w ka resevwa yon dispans frè a, ou dwe ranpli Fòm I-912 epi bay prèv ke ou ap resevwa yon
benefis piblik lè w bay yon resi benefis oswa bay youn nan dokiman sa yo:
● Lèt MassHealth
● Lèt Verifikasyon Depatman Asistans Tranzisyon(DTA)
● Lèt abri

Kouman pou mwen aplike pou premye fwa?

Ou ka ranpli yon premye aplikasyon ant 1ye jiyè 2024 rive 3 fevriye 2026.
Pou kalifye, ou dwe pwouve tou de sa ki annapre yo:
● Ou rete kontinyèlman Ozetazini depi 3 jen 2024.
● Ou te toujou gen prezans fizik Ozetazini depi 4 Out 2024.

Y ap mande w pou pwouve idantite w ak nasyonalite w ak youn nan bagay sa yo:
❏ Paspò (ekspire se ok); OSWA
❏ Batistè ak tradiksyon sètifye; OSWA
❏ Dokiman idantite nasyonal ak foto w ak/oswa anprent ou

Y ap mande w pou pwouve idantite w ak nasyonalite w ak youn nan bagay sa yo:
❏ Paspò (ekspire se ok); OSWA
❏ Batistè ak tradiksyon sètifye; OSWA
❏ Dokiman idantite nasyonal ak foto w ak/oswa anprent ou

Ou ka itilize youn nan dokiman sa yo pou pwouve ou abite Ozetazini:
❏ Dosye travay; souch peman, dosye taks sou revni;
❏ Dosye lekòl la;
❏ resi lwaye; peman ipotèk; bòdwo sèvis piblik;
❏ Lopital oswa dosye medikal;
❏ Dosye finansye: Deklarasyon labank; Deklarasyon taks
❏ Atestasyon òganizasyon relijye, sendika, òganizasyon;
❏ Batistè timoun ki fèt Ozetazini;
❏ Politik asirans; anrejistreman machin
❏ Nenpòt lòt dokiman ki pral ede pwouve ke ou te prezan Ozetazini

Ki kote mwen jwenn sipò?

Ajans sèvis legal lokal yo ak òganizasyon kominotè yo pral ofri èd gratis oswa a bon mache pou aplike pou TPS. Okouran de magouyè yo, pa bay okenn moun ki pwomèt pou renouvle aplikasyon TPS ou a lajan. Olye de sa, chèche èd nan men ajans sèvis legal serye ak òganizasyon kominotè yo.

Telechaje dokiman enfòmatif la isit la pou aprann plis.

✨ Resous Adisyonél ✨